|
|
|
Sosyete Koukouy youn Atibon Legba nan zafè kilti peyi Dayiti Kilti youn pèp se baz rezistans li. Pi bèl fason pou kilti nou rete anvi jenerasyon apre jenerasyon se lanng nou pale a pou nou kenbe king, paske lanng se motè tout kilti sou latè. Pou youn lanng rete king, save ki pale lanng lan dwe rantre li nan tout aktivite yo deside antreprann: travay syantifik, literè, atistik elatriye epi sèvi ak mwayen teknolojik modèn yo pou pataje konesans sa a ant yomenm epi lòt mounn ki pale menm lanng lan. Se rezon sa a ki lakoz Sosyete Koukouy layite li sou granchemen savwa a pou li pataje rezilta divès kalite rechèch l’ap fè nan divès domèn ak kreyolis Ayisyen yo ansanm ak kreyolis ki ap viv toupatou sou latè. Sit entènèt sa a se youn zouti kominikasyon wòdpòte pou tout manm Sosyete Koukouy yo ansanm ak zanmi Koukouy ki ap viv nan divès vil nan dyaspora a ansanm ak anndan peyi a. |
|
|
|