| Nouvèl |
|
|
|
|
Aime Cesaire Kite nou
2 6 Jen 1913 _ 17 Avril 2008 Manm Sosyete Koukouy ki gaye toupatou sou tè-a, ki ap klere nan fènwa pou limanite jwenn youn denmen miyò, aprann ak anpil lapenn lanmò youn Atibon Legba nan literati nèg-la : Aime Cesaire. Cesaire se younn nan Gid nou yo. Malgre li fèt Matinik wòl li nan literati-a fè li pa gen patri. S’oun komèt ki t’a flache limyè respè ak diyite pou tout nèg sou latè. Li pa te jennen deklare Negritid la jèmen an Ayiti. E se ak kouraj plis detèminasyon depi li te nan lise rive jouk nan dènye jou li sou tè-a, li te kore mouvman sila-a pou penmèt chak grenn nèg jwenn plas li nan inivè sosyal e kiltirèl-la. Onè-Respè pou ou Aime !… Tousen ak Kristòf ap tann ou pou batay la kontinye nan youn lòt dimansyon….. Aime Cesaire ale. Li byen travay. Flanbo negritid-la pa dwe tenyen ! An nou lage youn ti luil etènèl ki pou kenbe-l toujou vivan nan kè tout jenerasyon nèg sou latè… vitam-etènam. Jan Mapou - Biwo Santral Koukouy-Miyami
Dèy nan lafanmi Koukouy Kondoleyans pou tout manm Spsyete Koukouy toupatou sou latè Biwo Santral Sosyete Koukouy ap swete tout manm li yo espesyalman manm Branch Rejyonal Ayiti-a kondoleyans nan okazyon lanmò kouzin Fridja Pricien. Mouche Lanmò rantre lakay nou san di onè, nou, nou vle di li respè.
Kouzin Fridja Pricien, manm sosyete koukouy Ayiti/Santo, kite nou depi dimanch maten 20 Avril 2008 byen bonè. Maladi pote-l ale aprè 16 rekòt kafe senpman li pase sou tè-a. Nan okazyon sa-a, Biwo Santral Sosyete Koukouy mete ak tout eskòt fanmi koukouy-la, wete chapo pou swete tout fanmi ak tout zanmi Fridja: Bon kouray! Jan Mapou - Biwo Santral Koukouy-Miyami
|






