| Ki Nou |
|
|
|
|
Istwa Mouvman Kreyòl Ayisyen (1965-1969)
Sosyete Koukouy Ayiti, Sosyete Koukouy Nouyòk, se konsekans dirèk aktivite mouvman kreyòl an Ayiti nan ane 60 yo. Pote mitan yo se te Jan Tanbou, Pyè Banbou, Pyè Griyo ak Jan Mapou. Mouvman Kreyòl ayisyen-an fonde Pòtoprens, 18 desanm 1965.
De twa mwa pi ta, ti bout chanmkay Idalina-a Ri Kapwa, te twò piti pou kenbe gason. Pyè Legba, Idalina, Danyèl, Togiram, Sousou Rozo, Zoklimo, Saka, Ayida, Ti ginen, Ti je takan, Pako, Ti nèg, Papiyon Nwa, Klèmezin, Adelina, Annjelina, Mariz Ipolit, Lokobasiye, May, Ti Mak, Jòj Ektò, Manbosiya, Defile, Pelikan Fidèl, Lina, etsetera era... Tout kouzen-kouzin sa-a yo te manm aktif Mouvman Kreyòl ki te gen emisyon Radyo Karayib chak dimanch maten.
EMISYON SOLĒY
Emisyon Solèy, se non emisyon ki te konn fèt nan Radyo Karayib chak dimanch maten depi 7è fè beng. Nan emisyon sila-a, nou te pibliye rechèch laboratwa Mouvman Kreyòl-la, enfòme piblik-la sou tout aktivite nasyonal e entènasyonal ki gen rapò ak lakilti, kritike -pou ede-tout aktivite teyat gwoup teyat yo t-ap prezante. Diskite, pale koze, òganize konferans, fè konkou, ankouraje tout mounn ekri, voye dokiman pou piblikasyon. Apre kaye nimewo 1, Kaye nimewo 2 ki defini direksyon travay nou, Mouvman Kreyòl pibliye "Choublak ak Kamelya". Se yon kouwòn onz sanba te trese ansanm ansanm pou ofri tout manman nan mwa d-Me 1967. "Choublak ak Kamelya" te rezilta pwenmye konkou sou pwezi kreyòl an Ayiti.
Emisyon Solèy dire soti 18 desanm 1965 rive 6 avril 1969, ak arestasyon Banbou, Mapou, Legba, Grenn Pwonmennen, Ti Nèg, Dyo Alèlè, Opon, Frannz Sili, Pastè Ivann... Twa dènye yo ak twa lòt ankò pa te manm Mouvman Kreyòl. Ilsètarive yo te nan lantouraj radyo-a, lò Rene Brenevil (Gwo Rene), Chèf Ploton makout-la t-ap pase mennòt, mare ke chemiz jenn gason, gwo Dimanch Pak 6 avril, san di pouki, lage yo nan depotwa Fò Dimanch. Gen ki pase yon jou. Gen ki pase 6 mwa tou.
Apre Emisyon Solèy-la ki te pòt-vwa Mouvman Kreyòl
ayisyen-an, nou te jwenn Sosyete Koukouy, Isi Jenès, Koral Koukouy, Teyat
Koukouy. Men sa Elimèd Togiram
rapote sou kreyasyon Sosyete Koukouy-la, nan jounal "Le Petit Samedi
Soir", nimewo 323.
SOSYETE KOUKOUY
‘Sosyete Koukouy’: ... Apre Emisyon Solèy-la, Mouvman Kreyòl ponn yon dezyèm pitit. Se sou non Sosyete Koukouy li pral resevwa batèm li. Sosyete sila-a, se yon gwoup atis-liv ki deside pou yo ekri an kreyòl. Travay atis liv sa-a yo te gen anpil enpòtans, paske se li menm ki te penmèt (ak jefò lòt mounn ki te vle boule nan menm direksyon-an) nou kite dèyè nèt estad teledyòl-la pou nou fikse panse nou nan liv... Pandan tout envite yo t-ap manje, Kouzin Galata, manm Sosyete-a, te tanmen youn ti koze dous koun siwo myèl pou li te prezante onz lòt koukouy. Se te: Jan Mapou, Pyè Banbou, Zoklimo, Pyè Legba, Papiyon Nwa, Grenn Pronmennen, Pelikan Fidèl, Sousou Rozo, Dyo Tchango, Defile, Togiram. Te gen divès lòt koukouy ankò: Zaka, Degoutan, Bilolo, Idalina, Jan Tanbou, Ti Benn, Ayida, Kawòl, etsetera era...
Plizyè envite te pran lapawòl tankou Direktè Radyo Karayib-la, Msye Antwàn Bwàn (Antoine Brown), ki te profite distribiye divès kopi yon chante Nwèl, Zo (Théophile Salnave) te konpoze.
Antwàn Cheri (Antoine Chéry), mayestwo Gonbo klib, te fé piblik-la aprann chanson-an. Lodobasiye (Robert Beauduy) te di kèk mo sou rechèch l'ap fè sou teyat popilè.
Tonton Meme (Roland Dorfeuille), youn aktè nan Lanbi Klib, te byen amize piblik la. Se te yon bèlbèl fèt ki pwouve nou, se pa jounen jodi Mouvman Kreyòl la ap goumen pou simaye richès ak bèlte lang natif-natal nou an.
KORAL KOUKOUY
Msye-dam Koral Koukouy yo te konn fè repetisyon chak dimanch maten nan Radyo Karayib, ak pèmisyon pòv defen Antwàn Bwàn (Antoine Brown) ak Frank Andre (Frank André), de fanatik je wouj aktivite kiltirèl nou t-ap mennen nan estasyon-an. Kouzen Ti Tonton ak pòv defen Romàn Malari (Romane Malary) te konn antrene koral-la.
TEYAT KOUKOUY
Teyat Koukouy pa te mens. Se te bèl bagay. 65-69, Mouvman Kreyòl te fè yon bann esperyans, yon latriye rechèch pou l'te mete sou pye youn bon jan teyat popilè. Yon teyat popilè nan gou-l. Esperyans anpil kouzen ak kèk twoup teyat ap kontinye toujou nan Pòtoprens 15 an pi ta. Lokobasiye te pran sa nan men-l. Se konsa, pou fete 6èm anivèsè jou teyat mondyal an Ayiti, li te fè yon bèl konferans an franse ak prenmye rezilta rechèch li yo. Koute yon ti pasaj nan konferans sila-a.
"Pour ce
qu'il s'agit du théâtre, le créole n'est pas seulement une des conditions du
réalisme, mais le véhicule quasiment exclusif de ce courant d'émotion qui va de
la scène aux confins de la salle... Ce théatre, on l'a dit, est aussi un théâtre
total où les valeurs du chant, du geste et du verbe ne font pas que s'ajouter
mais concourent à traduire le rythme intérieur d'un monde où ces éléments ne
sont jamais séparés"
Sosyete Koukouy, se younn nan ekip jenn fi ak jenn gason ki
pat
"Le recueil
"Choublak ak Kamelya" a été présenté un dernier dimanche de Mai en
1968, dans le cadre du Gagè Paloma, dans les parages du marché Nirvana, à
Martissant. Le Gagè avait été décoré pour la circonstance avec des
tableaux en rapport avec la maternité. Ces tableaux avaient été mis à notre
disposition par divers peintres et galeries de
Nan Enstiti Franse, nou jwe Ti Wòz ak Ti Benn, pou fete Sen Valanten, 14 fevriye 1969. Ti Wòz ak ti Benn ki te jwe tou nan menm epòk-la Rès teyat, se yon aranjman Pyè Legba ak kèk pwezi Dyedone Faden. Aktè prensipal yo se te Mapou, Ayida, Ti Benn.
Sosyete Koukouy pat
ISI JENĒS
Isi Jenès, se te yon lòt emisyon ki te sou lobedyans Mouvman Kreyòl (65-69). Se te Jan Mapou, Pelikan Fidèl ak Danyèl ki te kenbe kòn-lan nan Radyo Karayib chak vandredi swa, 10 pou 11. Se te yon tradiksyon an franse kèk bèl aktivite an kreyòl. Isi Jenès ankouraje atis ak powèt ki t-ap boule nan lang franse-a. Nou toujou di, e n-ap repete lang franse pou nou sou tè Dayiti, se yon eritaj nou pa dwe pèdi. Nou pa soti pou nou pèdi-l tou. Franse, kreyòl fèt pou mache bradsou-bradsa.
Isi Jenès te pèmèt anpil jenn powèt montre sa yo vo nan lang
franse-a, tankou Ulrick Rosarion, Gerard
V. Etienne, Eddy Guéry, Josette Bienaimé, Maryse Placide, George Gonel, Bernard
Beauboeuf, Macferl Morquette...
AKTIVITE MOUVMAN KREYÒL
Zo, se prenmye Ayisyen -yo di- ki foure kreyòl nan radyo. Li ekri yon pyès teyat ki rele: "Twa non, twa mak, twa papa". Lò Zo mouri, Mouvman Kreyòl òganize youn antèman nan gou-l. Tout gwoup kiltirèl, tout atis, elèv lekòl, tout te la. Nou salwe kadav Zo ak yon minit rekèyman soufle nan po lanbi. Kouzen Legba te fè lwanj Zo an kreyòl. Kouzin Defile soti, tonbe, pran lwa sou sèkèy Zo. Jou sa-a, nan simityè Pòtoprens, se te gwo zafè.
Lò Tonton Price Mars mouri, Mouvman Kreyòl voye-l ale ak tout pafen respè-l. Mouvman Kreyòl òganize yon kokennchenn veye kiltirèl -Pwenmye veye nan yon peyi-nan lekòl Etnoloji Dayiti. Mizik, pwezi, chante... Koule kon luil sou mab. Pwezi "Panzou", Jan Mapou te konpoze espesyalman pou sikonstans-lan te chikin anpil gwo zotobre nan lasistans-lan.
Alokazyon 15èm anivèsè Mouvman Kreyòl ayisyen-an, nou fè lareverans
douvan tout kouzen-kouzin sa-a yo ki malgre kraponnay sou kraponnay t-ap travay
rèdchèch pou
Se pa tout. Anpil travay rete pou fèt. Rout-la long. Li chaje ak pikan kwanna. Lougawou vole leswa pou l'sa souse-ou nan domi pi byen. Tankou Dòk Mivil di: Se tout lavi yon pèp nou gen devan nou la-a.
Pitit nou nan kouti mezanmi, an nou ba-l jarèt. Yon
Asosyasyon Ekriven Kreyòl byen kanpe se va yon faktori liv. N-a va sote sou atis, atis a va pantan sou nou...
epi tou tout je- chèch, malpouwont, Sen Toma va rantre nan won, deside fòk pa plis pou sove
Ayiti soti nan fè nwa liyorans.
JAN MAPOU
Rosedale,
|






