Sosyete Koukouy

Tigout Pa Tigout 1 Desanm 2009

OCHAN POU SOSYETE KOUKOUY

Ak Sylvie Michel

 

Ane 2009 lan, Sosyete Koukouy te deside selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl-la  angranpanpan ak dirètè-l Jan Mapou kòm mèt lakou.

 

Se te 3 jou selebrasyon ki merite rakonte: se pou tout lektè Ti Gout pa Ti Gout konnen lòt ane yo dwe patisipe kèlkeswa jan an pou selebrasyon sa-a pi grandyoz, pi djanm epitou pi Ayisyen toujou.

 

Jounen Entènasyonal Lanng Kreyòl-la, ane san an Miyamite konmanse depi nan vandredi 23oktòb ak youn resepsyon djòl loulou, kote babakomann pa t manke dekoupe-kopyèz. Envitasyon Sosyete Koukouy te voye te rive sanble fanmi ak zanmi pou vin resevwa pòt drapo lanng lan ki te soti nan lòn tankou Ayiti (Pierre Vernet, Ernst Mirville, Emile Celestin Megie non vanyan Togiram ak madanm ni Edèn Gedeon)ak lòbanj nan Sosyete-ak’ ap kenbe flanm limyè koukouy yo byen klere kit se Konektikèt (Pascale Millien), Angellucci Manigat Konektikèt kit se Kanada (Michel-Ange Hyppolite  non vanyan: Kaptenn Koukouy)Manno Eugène (Monreyal)Jean Robert Placide (Monreyal)Camille Rosemberg (Homestead) Se anba tonèyoun manm aktif Sosyete-aMan Lizo (Rose Bleus)  resepsyon-an te fèt

 

              Apre youn bèl diskou byen taye pou montre tout moùn jan deplasman yo se youn kado, Kouzin Woz te mande asistans lan kanpe pou chante wochan Desalinyèn nou anTouswit apreli te mande chak grenn moùn ki la al sou youn tab ki te gen plis pase 50 ti vè bouji , chak moùn pran yoùn pou y’ al depoze nan youn  pisin ki nan lakou-a. Pou mwen se te youn bèl senbòl vèvè tout asistans lan te trase. Se pa de bè, se pa de payèt lè pakèt ti bouji limen sa yo tonbe danse banda nan dlo-a, ap klere lakou-a kon koukouy klere lannwit. Ayibobo pou tout Koukouy!

 

Randevou te kase pou  nan landemen 24 soti depi 8-è nan maten rive jouk 5-è nan apremidi. Se jounen gwo soloba/deba wounmble kote banj Mouvman Kreyòl Ayisyen yo t’ap diskite sou direksyon mouvman-an, epitou, sou ki règleman ak desizyon nèf ki ta dwe pran konnan òtograf lanng lan.

 

Tousa se te tòkèt la ; chay la menm te nan dimanch 25. Anpil moùn ki konprann lajè travay Sosyete Koukouy la te bay randevou nan Pak Kiltirèl tou nèf vil Miyami sot bati pou mòd aktivite konsa. Se twouve bèl etablisman sa-blayi gangans li dèyè do Libreri Mapou, ki se baz Sosyete-aGwo koze ! Koze lespwa pou peyi-n. Nan galeri etablisman an youn latriye jènjan t’ap monte desann chak gen wòl yo; sa k’ t’ ap vann liv Ayisyensa k’ap montre wout oditoryòm lan; sa ki t’ ap prepare tab kanbiz la pou apre pati kiltirèl la. Mwen te viv prezans jèn sa yo tankou se youn pepinyè solid Koukouy yo amonte pou sèvi larelèv. Mwen panse si m’kòrèk, se ta va yoùn nan pi bèl reyalizasyon Sosyete-a.

 

Seyans lan te konmanse ak youn panèl ki te gen ladann: Profesè Pierre Vernet kòm direktè fakilte lenguistik aplike an Ayiti, pwofesè-ekriven Michel Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouy) ki sot Kanada, ak Sheila Austin, youn espesyalis nan edikasyon ki te soti Wod Aylann.

 

Pwofesè Vernet te fè istorik  Mouvman Kreyol la an Ayiti pou rive fè nou konprann jan bagay yo difisil pisetan anpil fwa moùn k’ap kòde kontre ak sa ki pito dekòde paske yo pa ta renmen tout moùn ka di sa k’nan tèt yo libe-libè. Kaptenn Koukouy, limenm te separe ak odyans lan longè wout lanng lan fè soti depi konmansman mouvman-an ak liv ki pibliye jouk rive lajounen jodi-a e kòm l’ap viv Kanada, li te plis pale de eksperyans li nan Kanada. Apre, se te tou pa Sheila Austin, youn edikatè ameriken. Madan Austin, son dam, dapre sa  m’ tande ki tèlman apresye travay Sosyete Koukouy, deside l’ap ede group la nan ekri pwopozal pou mande konte sibvansyon pou penmèt yo gaye lanng ak kilti kreyòl-la. Nan rale li a, li mande odyans lan rekonèt kokenn chenn travay Koukouy nan kominote Little Haiti-a epitou sipòte bon jan travay sa-a k’ap ede jènn yo kenbe kilti lakay yo.

 

Apremidi kiltirèl la te chaje kon legba ak youn repètwa byen ajanse kote atis Koukouy t’ap defile younn dèyè lòt vin chame alafwa zòrèy ak je oditè-espektatè yo. M’ap site powèt Andre Fouad ki lè l’ap resite pwezi  ba-w enpresyon se youn kouran dlo fre k’ap koule desann, fredone youn bèl melodi nan sous li. M’ap site Wanègès ki lè se tou pa-l fè-w santi gen lè Catherine Flon pa  mouri. Jesler Mezidor te resisite Maurice Sixto pou nou, kanta Yolande Thomas nou te kontan tande istwa Pòtoprens nan tan lontan.  Koral Sosyete-a menm ak direktè li, Kiki Wainwright, te rezève pou piblik la jou sa-pi bèl chante li te gen nan djakout li. Kanta twoup dans Koukouy la menmsou direksyon Nancyse vide li vide koregrafi sou nou, younn pi bèpase lòt, ou pa konnen kiyès pou ou pi renmen. Tout dansèz ak dansèr yo merite konpliman pou metriz yo nan reyalizasyon bèl koregrafi sa yo.

 

Apremidi sa-a, Jan Mapou te vle bay piblik li a youn ti goute nan pyèsteyat « Gouverneurs de la Rosee » ki soti nan woman Jacques Roumain te ekri a. Li batize li Mèt Lawouze ak kolaborasyon Pola Pean ak Kiki Wainwright.

 

Alòske tout moùn toujou konnen Janjan Dezire kòm bon aktè, pa gen moùn ki ta kwè Kiki  Wainwright chantè-gitaris ta ka jwe teyat byen konsa. Espektak de mesye sa yo te bay nan apremidi sa-ak lòt aktè yo tankou Ernst Registre(nan wòl Jèvilyen) se prèv se youn bann banj nan teyat yo yeJanjan nan wòl Manuel, Kiki nan wòByenneme, papa Manuel. Pèfòmans aktè yo te fè asistans lan santi yo pa ka pa la lè pyèsteyat sa-a ap jwe talè konsa : youn levennman yo pa dwe rate. Touswit apre, Jan Mapou te anonse piblikasyon premye revi literè Ayisyen an Kreyòl ki se « Pawòl Kreyòl Revi Literè Sosyete Koukouy ». M’panse tout bon jan Ayisyen ki gen eskanp nan figi yo ta dwe gen revi sa-a nan bibliyotèk yo. Pou fini te gen youn bonjan resepsyon pou piblik-la kote plis pase 300 moùn manje vantdeboutonnen.

 

Se ak anpil konviksyon m’ap di youn kalite bèl apremidi kiltirèl konsa nou pa jwenn sa souvan. Kalite jefò ak bon jan travay devlopman lanng nou, kalite espektak kap makonnen nou ak kilti lakay, se pa nan tout bout kwen n’ ap trouve youn lòt groupman ki tankou Sosyete Koukouy ki kab fè nou jwenn sa. Kidonk, mwen ta mande tout moùn ki te la, tounen lane pwochenn ak plis moùn, m’ta mande ankò pou tout lektè Ti Gout pa Ti Gout yo fè plis jefò pou sipòte, ankouraje travay Sosyete Koukouy.

 

Chapo Ba pou Jan Mapou !

Chapo Ba pou tout manm Sosyete Koukouy !

 

                                                                                                          Sylvie Michel (Vivie)

 

 

 

=====================================================

 

 

 

Zetwal t'ap trese ribanbèl...*

 Soul machè,

Jodiya m’ap mande-w  pou kenbe men-m. Si ou kenbe  men-m fò, ansanm nou  va refè  chemen ki te konn bay kò nou ak lespri-n tout jèvrin yo . Chemen mwen vle reflache nan imajinasyon ou aswè a se chemen jaden Mòn Lopital, chemen Lamontay kote tanto nou te kòtakòt, tanto nou te younn dèyè lòt pou nou dekouvri kadans lonbray anba repozwa lawouze kristal. Se nan kannale sou wout karyann apik sa a nou te deniche youn ti kwen ki te rele nou pa-n. Youn ti basen mezi laj nou kote latè pat bezwen abiye pou l’te anbome-n ak pafen kò-l. Li pa te ni twò lwen ni twò pre lavil. Nou te nan domèn nou. Youn domèn kote alapapòt zwazo ak van konn dekore vwa yo pou yo di-n onè. Kanta pou kantik kretyenvivan menm se agogo tande zorèy nou konn ap ranmase yo. Se nan mitan ambyans sa a nou te dekouvri bèl galèt marasa a. Pyèsmounn pat vann nou li, men nou te achte-l ak foug dyougans nou epi fòs lanmou nou.

 Si ou sonje byen,  se sou bèl galèt sa-a, nou konn kite je nou pale pou bouch nou etan n’ap reve tout sa nou te ka fè , tout sa nou  pa te fè ak tout   sa nou  pa p’janm rive fè. Pou di w’ sonje bèlantre tout ti pyebwa ki konn vin apiye fatig yo nan ren gwo pye bwatchenn lan pandan y’ap lage tout frechè kò yo ban nou ak lareverans katsezon an?

 Dènye fwa nou te fè wout sa-a, nou pa te pou kont nou. Ou sonje « William»?  Ou sonje kodak li a?  Se petèt sa ki fè lapli yenyen an ta pe swente anba kouvreli mwadme a. Se te fason pa Mòn Lopital pou li te lage dlo je-l sou youn orevwa ki ta pral vire vitametènam. Oubyen tou se te fason pa-l pou l’ te di nou: “anmore pa tire foto-m”. Wi! Se konsa. Se konsa sa te konn pase chak kenz jou sou kousen fèy tout kalite :

De zetwal t’ap trese ribanbèl

Sèl konpayèl yo

bonèt lakansyèl

Nyaj toupatou

te defile

Gaye nouvèl lanmou-n

Wi Soul! Se konsa.

 Se konsa solèy  ta dwe kontinye klere pou tout anmore k’ap bouske wout retrèt kache anba vant Mòn Lopital. Aswè-a, ni mwen ni ou, nou younn pa nan pye Mòn Lopital; nou sou tèt Linden Avni oubyen sou bit Monwayal, n'ap pran fre peyi nou lòtbò dlo. Pandanstan, tout branch bwa lonbray nou yo dwe fin boule nan fè chabon, bati kay, fè mèb, epi tè-a, manmèl lavi, ap deboule nan dlo. Se domaj!  Pou di w’ sonje?

M'ale

Kè-m sere.

M'ap panse.

Gwo Bo!

                    Ife                                 * Se youn dezyèm lèz nan Lèt Ife ak Soul, 2006 (p. 5-6)

                                                      Wè Haiti en Marche senmenn pase-a pou premye lèz la.

 

 

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

                                                                      Manm Sosyete Koukouy Kanada

                                                                    This email address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it.

                                                           

                                                    

=======================================================

 

 

 

 

ÈSKE AYITI REYÈLMAN BEZWEN

YON AKADEMI KREYÒL?

 

Ak: Emmanuel W. VEDRINE

3èm Pati

«Potansyèl wòl inivèsite» se yon lòt pwen Tontongi touche nan atik li a, men youn ki toujou an rapò ak yon «akademi kreyòl» kote l refere a sa lòt moun di : «… pwofesè Deshommes souliye ‘yo rekonèt kreyòl la [jodia] kou lang e objè ansèyman depi Refòm Bernard la; ensèyman siperyè mete kò l nan bagay la avèk kreyasyon Faculté de Linguistique Appliquée [Fakilte Lengwistik Aplike] nan sen Inivèsite Deta Dayiti». Men kesyon nou ka poze Tontongi se : Ki inivèsite? Kisa Fakilte Lengwistik Aplike reyèlman pwodui (apre plis pase 30 ane egzistans li kote jounen jodiya li poko menm gen yon pajwèb fonksyonèl, yon bagay ki pi senp pou estoke dokiman rechèch, pou bay moun k ap fè rechèch aksè jwenn referans trapde) e pou ede nan devlopman lang kreyòl la? Nou remake Tontongi rate enfòmasyon sansib sa a ki yon engredyan enpòtan nan «reyalite Ayiti» n ap pale a.

Si n ap pale de «inivète nan peyi d Ayiti», fò n serye sou sa. Sa poko egziste vrèman. Si n di sa egziste, donk fò n ta al gade «wòl li», fò n ta al reli kèk filozòf kouwè Ortega y Gasset sou «La mission de l’université». Wi, gen kèk Ayisyen konsyan ki ta renmen wè yon «vrè inivèsite Ayiti». Mwen pa konnen si m ap gen tan wè youn avan m fèmen jè m sou tè sa a, men se rèv mwen pou m ta wè youn tout bon k ap fonksyone. Wi se rèv mwen pou m ta wè youn k ap pibliye revi syantifik chak 3 mwa, chak 6 mwa … (nan tout domèn). Se rèv mwen pou ta wè youn ki gen yon bibliyotèk tankou nenpòt inivèsite aletranje ki rele «inivèsite». Wi, youn ki gen yon bibliyotèk tankou bibliyotèk UNAM (Universidad Nacional Autonoma de México) kote mwen te gen chans vizite pandan pakou rechèch mwen nan peyi Meksik. Wi, mwen ta renmen wè yon bibliyotèk ki gen tout referans ak òdinatè (konpwoutè) pou lokalize materyèl e pou estoke materyèl rechèch. Wi, yon inivèsite k ap pibliye liv ak atik syantifik pwofesè tanzantan, yon inivèsite kote gen pwofesè ki rele pwofesè tout bon vre (pa chalatan blofè k ap grate santi, ki pa konn kijan yo ekri yon atik, kijan yo pwodui yon rechèch). Wi, yon inivèsite kote lè elèv la diplome yo rekonèt kalifikasyon lisans li an nan nenpòt inivèsite aletranje. Wi, yon inivèsite ki gen laboratwa (nan prèske tout domèn) pou elèv fè esperimantasyon nan branch espesyalite yo dekwa pou yo pa bat pakè pou tout bagay, men konprann sa y ap fè a. Jan mwen ta renmen wè yon inivèsite konsa Ayiti Cheri avan m ale nan peyi San Chapo!
Sou «Potansyèl wòl leta», Tontongi di: «Wòl desizif leta ap endispansab nan batisman yon Akademi Nasyonal Ayisyen ki djanm, ki gen vrèman yon karaktè nasyonal, e ki dispoze pou l itilize resous ak puisans leta pou l tabli e fè respekte règ ak estrikti nesesè pou kenbe misyon Akademi an». Nan ti bout paragraph sa a, Tontongi resi vin ak yon pi bon tèm, «Akademi Nasyonal Ayisyen» men nou pa bezwen fòseman yon «akademi kreyòl». Poudi nou pa gen yon ti ide deja de ‘potansyèl wòl leta asyiyen’ nan 200 ane ki sot pase yo depi Ayiti pran endepandans li? Nan kad sa a, nou wè wòl (majorite) leta Ayiti ta:

Taye banda sou pouvwa, epi fè mannèv matyavèl pou kenbe l nèt ale si l posib (yon filozofi matyavèl (Niccolò Machiavelli : jan w monte w monte epi tou rete).
               Piye kès leta (san pèdi tan).
                Vòlè ase lajan pou plizyè jenerasyon epi mete kòb sa a nan peyi etranje (pou Ayiti pa gen aksè a li).
                Kite pèp la kannannan jan l ye a, pa alfabetize l oubyen betize l pito.
                Pa kreye lekòl gratis pou «pèp gwo zòtèy la» pase edikasyon mennen revòl (kòm Jean Pierre BOYER fè konnen lè te fè inivèsite nan Sendomeng tounen kazèn), 
                Pa bay pèp la zouti pou l travay, pa ede l jwenn mwayen pou l travay tè, ankouraje l priye pou lapli tonbe pandan ke dlo ap gaspiye al nan lanmè yon dal kote Ayiti.
                Ede peyizan kite Ayiti pou al koupe kann Sendomeng, pou al fè tout vye djòb la … Tonnè krakra, (majorite) leta ayisyen gen potansyèl sa a!

Nan fen atik la, Tontongi mansyone potansyèl wòl ekriven, atis, filozòf ak syantifik yo …  kote l di: «Natirèlman, pi gwo potomitan yon akademi se ekriven, atis, filozòf ak syantifik k ap pwodui travay nan sen sosyete sivil la e ki ap anrichi lang kreyòl ayisyen an». Bon, nou ka di : kèk ti grenn ladan yo gen ti kal konsyans toujou (zòt ap pran nòt de sa) pandan majorite ladan yo pa janm fè anyen pou ede lapatri, pandan majorite ladan yo pa janm panse mete sou entènèt la menm yon sèl chapit nan liv yo ekri, pa menm yon sèl papye rechèch yo ekri (an fransè, anglè, panyòl, kreyòl [si yo ka ekri lang sa a ki lang matènèl] la) nan inivèsite pou ta ede elèv oubyen lekòl Ayiti. Wi, genyen ki gen potansyèl, men potansyèl pou ekri bèl koze an fransè, nan lang anglè ... , bèl disètasyon zewo fot an fransè (kòm Piram ta di), epi yo pa janm panse fè «ti bibliyotèk tèt gridap leta» (bibliotheque nationale d’haiti «an miniskil» ki chita nan rue du centre, Pòtoprens)  kado yon grenn liv pou elèv ta gen aksè lie fè ti rechèch.

 

Finalman, nou panse tout moun ki gen aksè li atik sa ki yon repons a atik Tontongi sou baz yon akademi kreyòl ayisyen va fofile bay lòt moun, va pran konsyan de reyalite Ayiti ap viv chak jou Bondye mete, epi pou repanse nan ki mwayen yo menm, yo ka kòmanse mete men nan pat la pou aprann kreye, aprann pwodui sou tout fòm pou ede nan avansman Ayiti e nan benefis tout pitit li.

___________________________

Nòt.

(1). [DEJEAN, Yves. 1977. “Comment Écrire Le Créole D'Haïti”. Indiana University. Degre (grad): Ph.D. 554 p. + 1 paj CV (curriculum vitae) otè a. Direktè tèz la: pwofesè Albert Valdman. [Nòt : Collectif Paroles (Kanada) pibliye tèz sa a tou an 1980 sou fòm liv. Pibliksyon lengwistik Yves Dejean yo parèt nan plizyè jounal ak revi (aletranje kou Ayiti). -- Aspè tèz la: Lengwistik (kreyòl) ayisyen; Lengwistik aplike; Amenajman lengwistik; Kreyòl (deskripsyon); Ekriti; Fonetik-Fonoloji. -- "Travay fondamantal sou evolisyon òtograf kreyòl ayisyen : istorik reprezantasyon grafik kreyòl apati peryòd kolonyal, enkli tantativ galo-santrik non sistematik; diskisyon trè fonolojik kreyòl nan pèspektif elaborasyon yon reprezantasyon grafik otonòm a baz fonolojik; jistifikasyon anplwa òtograf Faublas-Pressoir kòm sistèm reprezantasyon adekwa". [Tradiksyon /adaptasyon kreyòl : Emmanuel W. Védrine, Indiana University. 2000].

(2). De liv rechèch Pradel Pompilus pibliye (ki site anpil fwa nan rechèch sou kreyòl) : a) Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haitien : phonologie et lexique (vol.I). Port-au-Prince, Eds. Caraibes.

b) Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haitien : morphologie et syntaxe (vol.II). Port-au-Prince, Eds. Caraibes.

(3). «Lexique créole-français». Unpublished complementary doctoral dissertation, Univesité de Paris (Sorbonne).

(4). Enstiti Kreyòl Indiana University Creole Institute. Enstiti sa a la pi rèd ap fonksyone jounen jodiya, e se gras a dokiman ki ladan mwen revize ki ede m rive mete sou pye pi gwo bibliyografi (sou sa k pibliye) sou kreyòl ayisyen (An Annotated Bibliography On Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000) pase m pa t ka jwenn dokiman Ayiti (ki ta disponib) pou konplete yon tèl rechèch.

 

(E. W. Védrine)

 

N.B. Liv E W. Védrine ki nan wout : English-Haitian Creole-English Dictionary of Medical Terminologies. Diksyonè Tèminoloji Medikal (anglè – kreyòl ayisyen – anglè). Se premye gwo travay rechèch nan domèn lan ki pral ekipe medsen, enfimyè, oksilyè, etidyan an medsin, etidyan nan lekòl enfimyè, etidyan k ap etidye pou vin oksilyè (nèsizèd), moun ki nan rechèch medikal ak moun ki enterese apwofondi konesans yo nan domèn sa a. Diksyonè sa a va sèvi yo yon gwo zouti referans, yon liv tou k ap bay lektè yo apeti li plis nan dokiman rechèch syantifik nan lang matènèl la, kreyòl. Nou envite ou kontakte nou si ou ta vle pote kolaborasyon pa ou ladan. Li p ap janm twò ta paske nou konnen tanzantan yon diksyonè ka gen nouvo edisyon.

___________________________________

Ago ! Tèks sa-a pibliye do-pou-do. Nou pa ni wete ni mete. Konteni-an ak fòm ekriti-a se responsablite otè-a (JM)