Biyografi pou ekriven : Manno Ejèn

Nòt sou otè a

Powèt, lodyansè, dizè, Manno Ejèn pibliye Vwa zandò/« La voix des mystères » (Pwezi, Ed. Mémoire d’encrier », 2007), Ekziltik (Pwezi, Koleksyon koukouy, 1988). Yon pwezite sou lekzil k’ape bouske kote idantite-li anchouke. Li se envite 7èm ak 9èm Festibal Literè Entènasyonal « Metropolis bleu » (Monreyal, 2005/2007). Patisipe nan ekspozisyon literè pèmanan « La poésie prend le métro » (Monreyal, 2005). Pote premye mayòl « Prix Jacques Stephen-Alexis de la nouvelle » pou tèks De ti tou pu deklete lalin (Lodyans, Pòtoprens, 1998). Finalis konkou powèm Fèt manman pou tèks Pitit se baton veyès (Pwezi, Choublak ak kamelya, MK. Koleksyon Koukouy, Ayiti, 1967). Patisipe nan plizyè antoloji ak divès aktivite literè.

Jounalis epi sendikalis laprès, Manno Ejèn kolabore kòm editoryalis nan emisyon Lè ayisyèn (Radio Centre ville, Monreyal, 2003). Kowoperan volontè « Oxfam-Québec / OCSD », li travay kòm repòtè nan jounal Libète (Ayiti, 1990-1996). Patisipe nan mete sou pye premye sendika laprès an Ayiti, « (STPH) Syndica des travailleurs de la presse haitienne »,  epi patisipe nan plizyè seminè « (FIP) Federacion Internacional de Periodistas », (Costa Rica, 1995-1997). Li kolabore kòm kwonikè epi repòtè nan jounal « Présence » (Monreyal, 1990), « L’Objectif » (Monreyal, 1989).

Kreyolis, konferansye, Manno Ejèn ekri sèlman an kreyòl. Li se manm fondatè Sosyete Koukouy, seksyon Kanada, epi manm nan komite redaksyon Bilten Koukouy. Kòdonatè selebrasyon Jounen entènasyonal kreyòl (Monreyal, 1988-1990). Manm nan Bannzil kreyòl, seksyon Amerik di Nò (Monreyal, 1987-1988). Manm asosyasyon kiltirèl Mouvman kreyòl (Ayiti, 1961-1967). Li pibliye plizyè tèks sou kreyòl nan jounal, patisipe nan divès emisyon radyo an Ayiti, tankou nan dyaspora a. Li patisipe nan plizyèe seminè, epi prezante divès konferans  nan Otawa, Boston, Monreyal, Ayiti.

Manno Ejèn se natif Gwanntanamo, nan peyi Kiba. Pitit de vyewo ayisyen, li fèt 2 jiye 1946. 


Kòmantè sou zèv Manno Ejèn

Ekzilti

Nan Ekziltik, se fon ak fòm nan bèlte ki pote mayòl la. Nan sans sa a Manno Ejèn pwouve li se yon pyonye.
— Michel-Ange Hyppolite
An konparezon ak powèt ki devanse-li yo epi ki te vle reyini lepase ayisyen an nan yon prezan ewo-etazinyen, Manno Ejèn limenm ta pito renouvle pase ayisyen an nan « rèv ». … Nan yon lang ki plonje nan fondèt-li pou transfòme tèt-li nan laviwonndede mo-li yo, swa mo ki déjà pase, swa mo ki la jodi, swa mo k’ape vanse kontre lavni.
— Maximilien Laroche
Vwa zandò / Les voix des mystèresOn rejwenn menm gwo tèm Manno yo … : lekzil, anchoukay, zile, valkanday, sezisman ak lejan, pou sa esprime epi esplore entimite, pouvwa, mo toulejou tankou non pwòp. Manno Ejèn kontinye sou menm amòs li te déjà tanmen nan liv Ekziltik la.
— Lyonel Trouillot
..., genyen flerizman yon gran powèt kreyòl ayisyen ki deside franchi limit pinga ak tradisyon gramatikal lang lan pou bay diferan pratik lenguistik yo yon lòt souf.
— Hugues St. Fort, La présence créole au Québec, Nouvelliste, 2007
Avèk liv sa a, pwezi kreyòl la ape rapousuiv chimen-li. Emmanuel Eugène fè pati ekriven ayisyen yon sèl lang yo (tankou Michel-Ange Hyppolite) ki fè bèlteyis tout fòs ekriti-yo. … Pwezi esperyans tankou pwezi kreyòl sa yo k’ape pale yon langaj apa ! Siy lekriti ansanm ak mak vwa melanje. Powèm nan vini mizikasyon. Mizikasyon peyi a. Mizikasyon pou lafam epi mizikasyon lang lan menm. Pwezi kreyòl sa yo ansanm ak tout tradisyon franse a se yon omaj yo rann lang kreyòl la.
— (Alexandre Gefen Poésie créole : Voix, mystères et langage …, 2007)