SOSYETE KOUKOUY TANPABE

Lanmou pou lanng Kreyòl-la se youn santiman natirèl ki soti nan fondas kiltirèl lakay tout natif-natal. Gen mounn ki kiltive-l, menmjan tou gen mounn ki pito aprann kiltive lòt lanng. Konsa, ou jwenn mounn ki mastè youn lanng osnon plizyè lanng. 

Apre eskanp Literati Ayiti mete anndan nanm mwen, nan lane 1980 yomwen te deside ekri premye rekèy powèm mwen nan lanng manman-m. Premye rekèy-la te soti ak tit “Kanmizòl nan Peyi Gonbolyen”. Rekèy sila-a te pibliye nan lanng franse ak kreyòl.

Se konsa nan chache konnen kijan pou m’ ta maton nan lanng lan, m’tonbe fouye dokiman ak tate lespri mounn ki te deja byen lwen nan lanmou pou kilti natirèl lakay, epi mwen te vin tonbe nan jaden Sosyete Koukouy nan Miyami anba pye Mapou-a. Se la mwen te vin tranpe nan lakou kilti lakay epi chache konprann diferans ki genyen nan fondas solid Mouvman Kreyòl la ak lòt kouran ki ekziste nan ekri lanng lan.

Li te vin natirèl pou mwen, pou m’te inisye mwen nan Sosyete Koukouy. Pòt Sosyete Koukouy te louvri pou mwen depi nan boulvès lide lane ki menmen kreyasyon Mouvman Kreyòl-la jouk rive jounen jodi-a. Konsa nan vizyon simaye bèl son, bèl koulè kilti lakay Kouzen Mapou ak Kouzen Jozafa Laj, ki te konn ap monte desann ak mwen pou nou al kontre ak lòt kouzen yo nan Miyami, te konseye-m louvri oun branch Koukouy nan “Tampa Bay”. De mesye sa yo te di-m y’ap banm tout sipò posib pou ede-m simaye kilti lakay-la, onore li epi separe-l ak fanmi nou yo ki rete Tanpabe.

Se konsa Sosyete Koukouy Tanpabe te koumanse jèmen. Se konsa tou mwen tonbe kata, danse sou youn grenn pye pourasanbleman tanmen. Lè-m pa te kwè, vanyan gason, Dr. Yves Morency, te sonde epi soude ak mwen pou Koukouy Tanpabe fleri.

Sosyete Koukouy Tanpabe resevwa benediksyon Komite Santral Koukouy 12 Desanm 1996. Se te younbèl jounen kiltirèl kote pwezi, kout gita te marye ak bon bouyon lakay jouk lòlòj nou te vire tankou toupi kado timounn 25 Desanm. Mezanmi! Se te oun kòkennchenn deblozay kilitirèl.

Premye Koukouy nou te resevwa an Septanm 1996 nan salon Dr. Yves Morency nan Sentpitèsbèg, Florid se lotè “Pè Sèt” la:  Robert J. Large. Tout mounn jou swa sa-a te goute sikmant plimeyankepi yo di yo vle plis ak diplis. Se konsa nan mwa Mas 97nou te envite ekriven ki konn lodè kafe Ayisyen-an Dany Laferrière. Apre Dany se te Pyè Banbou. Konsa nou te kenbe swaf frè nou yo nan bout fil zegwiy. Yo pa te sispann mande pou nou ba yo plis ak degi. Nou te fè yo danse, nou te fè yo chante epi nou te tinngtinng sevèl yo ak bon maton plimeyank,  ki soti lakay kon nan dyaspora-a. Jou pase lane vanse, nou resevwa manman penmba literè tankou Johanne Hyppolite, Kiki Wainright ak Patrick Lemoine. Pi douvan Pwofesè Yvon Lamour soti Boston vin fè oun sipèb konferans chaje ak bon dokiman nan dyakout li sou lanng Kreyòl la epi Daniel Michaud limenm fè limyè pou nou sou tray ak tribilasyon peyizan travayè nou yo anba lesplwatasyon ti ponyen mounn kras ki poze sezi sou ekonomi peyi nou-an,  Ayiti, ap kontinyesansouf.

Konsa 27 Desanm 1997 nou te reyalize Premye Sware Anyèl Apresiyasyon nou, kote nou t’ap di tout mounn sa yo mèsi pou bèl lizaj yo plante nan lespri nou isit nan Tanpabe ak tout lòt kote yo pase nan non Ayiti Tonma.

Nou te fè sware sa-a oun tradisyon, kote nou envite tout mounn ki te vin vizite nou, epi separe konesans ak chalè lanmou lakay, mèsi. Yo te reponn prezan, nou te kontan e nou p’ap janmen bliye yo, paske yo pa te janmen mande oun tchotcho (tyotyo) osnon penich.

Nan lane 1998 se te wololoy! Nou te gen anpil bèl tèt ki te fè nou lonè reponn prezan. N’ap site; Kaptenn Koukourouj, Doktè Lesly Balant-Gobert, Doktè Ludner Confident, Oungan Max Beauvoir ak manbo Carole Demesmin.

Nan lane 1999 se ankò pyon dore nou t’ap poze pou nou te vole piwo. Wi, nou te preske touche syèl la ak oun bann gwo kalib plimeyank dyanm, solid, ki tanpe listwa nou Ayisyen poudebon sitou noumenm Ayisyen alaronnbadè mwen vle site Pòl Larak ak Anthony Phelps. Nou p’ap kite bò ronn lan twou sous dlo dous konesans kilti Ayisyen -anMèt Max Manigat espesyalman. Youn lòt zouti nan kouti nou genyen k’ap jèmen bèl flè tilip, flè solèy bèl petal nan lakou konesans Ayisyen an Doktè Balan-Gobert. Se nan menm lane sa-a tou nou te resevwa Doktè Rose-Marie Toussaint.

Se nan lakonesans, wout kilti, wout san lizyè, san lantouray, san baryè, bèl flè plizyè koulè Sosyete Koukouy Tanpabe ap mache.

"Youn bèl lòt fasad nan Koukouy Tanpabe a, se te <Koukouy Band>, group Mizikal, ki gen ladann 3 mizisyen solid devan letènèl: Doktè Morency kòm saksofonis, Jean-Michel Clermont sou gita ak kibòd epi Smith Toussaint sou batri ak pèkisyon. Triyo mizikal sa a te pran nesans nan lane 1997 epi yo te jwe pou premyefwa nan sware apresyasyon nou Desanm 1997. Depi lò sa-a,  yo fè dlo koule nan bouch nou tout lè Sosyete-a ap prezante kilti lakay."

Lò nou te wè jou, se prèske katòz manm Koukouy ki te genyen. Nou te vin ap fonksyonen ak kat. Kat vanyan sa yo konnen Koukouy youn fwa se koukouy tout tan!

Doktè Yves Morency
Madan Yanick Rogers
Mesye Jean Robert Lefèvre
Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen)

Men Lis Mounn ki Kòmanse Koukouy Tanpabe:

Doktè Harry Borno
Doktè Fred Guerrier
Madan Chantal Boyd
Mesye Jean Robert Isidore
Mesye Edward Jean-Pierre
Mesye Bervin Bastien
Mesye Jean Robert Lefèvre
Madan Yanick Rogers
Doktè Yves Morency
Mesye Charmant Theodore
Mesye Leonel Charles
Mesye Jean Michel Clermont
Doktè Ludner Confident
Mesye Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen)