Biwo Santral Sosyete Koukouy

 

Nan Biwo Santral Sosyete Koukouy-la, ou jwenn diferan manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen-an (Manman natirèl Sosyete Koukouy) ansanm ak jeran responsab diferan Branch Rejyonal-yo. Si youn manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen-an se Jeran Responsab youn Branch Rejyonal li va nonmen youn manm kalifye nan branch li ap dirije-a pou vin chita ak li nan Biwo Santral-la. 

Nan dat 28 Oktòb 2007, Asanble Jeneral Sosyete Koukouy-la mete kanpe youn Biwo Santral tounèf ki gen ladan-l:

  • Ernst Mirville / Pyè Banbou  (Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen) 
  • Emile Celestin-Megie / Togiram  (Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen)
  • Jean-Marie Willer Denis / Jan Mapou  (Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen)
  • Angelucci Mannigat (Jeran Responsab Konektikèt)
  • David Jeanty (Jeran Responsab Ayiti)
  • Camille Derenoncourt (Jeran Responsab Homestead)
  • Michel-Ange Hyppolite / Kaptenn Koukouwouj (Jeran Responsab Kanada) 
  • Gary S. Daniel / Nèg Gonbolyen (Jeran Responsab Tanpa)
  • Frantz Wainwright / Kiki Wainwright (Reprezantan Miyami)

Nan okazyon sila-a, Jan Mapou, manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen-an epi responsab Branch Rejyonal Miyami-an te blije nonmen Kiki Wainwright pou vin reprezante Branch Rejyonal Miyami-an nan Biwo Santral-la.  Biwo Santral-la ap travay san pran souf pou pèmèt Sosyete Koukouy satisfè angajman li pran nan rezolisyon Woumble 27 Oktòb 2007 la.