Istorik Mouvman Kreyòl

Lan lane 1965, Pofesè Pradèl Pompilus te bay youn konferans nan Enstiti Ayisyano Ameriken-an, Pòtoprens, nan zòn Channmas la.  Pofesè-a te pale sou lang Kreyòl ak lang Franse an Ayiti.  Li te pale sou metòd, sou jan yo aprann Franse nan lekòl Ayiti.  Doktè Pompilus te di y’aprann ti Ayisyen lang Franse tankou yo te ti Franse.  Youn ti ponyen elèv rive demelo yo.  Men, pi gwo pati elèv yo, mas elèv yo pa renmèt anyen.  Lang yo mare.  Lang yo plòtonnen anba sèt kòd.  Doktè Pompilus te menm ajoute: mounn ki arrive pouse kèk mo Franse, yo pale youn Franse nan liv.  Liv disetyèm ak dizuityèm syèk Lafrans.  Youn Franse ki vyeyi.  Youn franse literati.  Youn franse ki pa pratik.  Dayè yo montre elèv yo li ak ekri, men yo pa montre yo pale.  Ansèyman Franse nan kondisyon sa yo bay anpil traka, anpil move rezilta.  Franse pa lang natifnatal pa nou.  Franse se lang etranje pou nou menm Ayisyen.  Lang manman nou se pa ni younn ni de, se: KREYOL.  Se pou nou sèvi avèk Kreyòl la kòm baz ansèyman Franse-a.  Se pou nou anseye Franse kòm lanng etranje.

Konferans sa-a te mete flanm dife nan Pòtoprens.  Youn pil diskisyon nan tout kwen ak rakwen te leve kou nich gèp.  Mounn tonbe ekri sou jounal. Lòbèy.  Siklòn. Lank, plim ak bav entèlektyèl  te twòp pou koule dis batiman blende pòtavyon.

Se nan anbyans chofe sa-a, mwen te pran desizyon touse manch, rale plim mwen antre nan batay la tou.  Mwen te reflechi sou mo “KREYOL” la.  Mwen te wè se youn mo ki gen anpil anpil fòs.  Menm ja li soulve mounn kont, li rale patizan tou.  Konsa, mwen te deside kole tèt mwen ak youn jenn kanmarad, youn jenn pofesè literati natifnatal: Jan Tanbou.  Apre diskisyon, refleksyon, konsiltasyon, nou te lanse youn òganizasyon lakilti.  Òganizasyon sila-a nou te batize li: MOUVMAN KREYÒL.

Mwen ekri youn premye tèks ki ekri an Franse.  Tèks sa-a te rele: “Du Français en Haïti”.  Apre kèk vire won nan Pòtoprens, nou pa t’jwenn jounal pou pibliye atik la pou nou.  Gen youn jounal ki te dakò pou fè atik la parèt pou nou akondisyon nou te vèse $50 (senkant dola).  Apre refleksyon, nou te vini wè pito nou fè youn ti liv avèk tèks la tan nou peye pibliye li nan jounal.  Nou ale wè Serge Gaston ki te gen youn enprimri nan Ang Ri Dipèp ak Ri Dèfonfò.  Serge Gaston te twò kontan menm boule pou nou.  Si mwen pa tronpe-m li te antann avèk nou pou $40 (karann dola).  Se konsa 18 desanm 1965, sa nou te rele: “Kaye No.1, Mouvman Kreyòl la” te sòti.

Premye kaye-a, nan men nou kòm zouti, Jan Tanbou avèk mwen te koumanse jete baz òganizasyon Mouvman Kreyòl la.  Lè nou al vann oun mounn ti liv la, nou te tou fofite fè youn ti pale avè li.  Rale li sou kòd pou wè si li ta vle vini boule avèk nou.  Se konsa nou te vini rankontre Jan Mapou, youn ti nèg Okay ki te di nou: “An avan, m’ap antre nan won”.  A nou twa-a, nou te vini fòme sa nou te rele: “Biwo Kiltirèl Mouvman Kreyòl la”.

Sis mwa pa t’pase, nou te lanse youn emisyon Lakilti an Kreyòl nan Radyo Karayib (Riyèl Chavàn).  Emisyon sila-a te rele: “Emisyon Solèy”.  Emisyon-an te kòmanse nan mwa mas lane 1966.  Presnipal Responsab “Emisyon Solèy” se te kouzen Jan Mapou.  Nou te kòmanse ak 15 minit.  Nou vini pran 30 epi 60 minit, chak dimanch depi 7è pou 8è dimaten.

Emisyon Solèy la te bati sou 3 pati prensipal:

  1. Youn pati doktrin
  2. Youn pati enfòmasyon
  3. Youn pati demonstraksyon

Nan twazyèm pati-a, pati demonstraksyon-an, nou te chache montre kisa ki fèt ou ki kab fèt kòm aktivite Kreyòl: penti, dans, kouti, travay atizan oubyen izin, travay tè, teyat, bati kay, pwezi…etsetera era.

 Se nan fè pwezi, nan fè teyat, gwoup pwèm Kreyòl nou pibliye jodi-a te arive ekri.  Antwòt menm, pwèm an Kreyòl sa yo te manke pèdi.  Men kijan: Emisyon Solèy la te pase 3 ane l’ap travay.  Apenn youn mwa sou katriyèm ane-a, le 6 avril 1966, youn kòmando makout te anvayi estasyon-an, yo rete emisyon-an, yo arete, minote, mare ke chemiz tout jenn gason ki te nan radyo-a.  Enpi lè yo te fin separe youn bou fèy pyas tou nèf, yo te anpile nou nan youn dip ki te al lage nou Fò Dimanch.  San esplikasyon, san jijman… Tout pwezi mwen yo te ekri nan youn gwo kaye.  Gwo kaye sila-a te nan valiz mwen, nan estasyon radyo-a.  Yo pa te pran valiz la.  Yo pa te arête fi ki te nan estasyon-an.  Gen de ti kouzin mouvman an, Ayida ak ti sè li ki te la.  Yo te ranmase valiz la ak tout kaye-a.  Se konsa, lè mwen soti apre 5 mwa toutouni nan prizon Fò Dimanch, Kouzin Ayida ak ti sè li-a te renmèt mwen valiz la.  Mwen te twò kontan jwenn kaye pwèm yo nou pral li jodia-a.  dayè, se poutèt sa mwen te di nou depi nan kòmansman: istwa pwezi sa yo se youn bon pati istwa Mouvman Kreyòl la.

Kaye pwezi Kreyòl sa-a mwen rele li: “Recheèch”.  Nou dwe mande tèt nou poukisa mwen chwazi non sa-a epi poukisa mwen ekri Rechèch jan li ekri-a.  Eben, koute.  M’ap esplike nou.

Nan Mouvman Kreyòl la, apa òganizasyon Emisyon Solèy la ak Twoup Teyat la, te gen youn seksyon pou atis plim ki t’ap ekri, ki t’ap fè rechèch.  Seksyon sa-a se te: “Sosyete Koukouy”.  Sousyete Koukouy la te pibliye, dènye dimanch mwa me 1968, oun rekèy pwezi Kreyòl.  Rekèy pwezi sila-a te prezante konpozisyon onz sanba ladann.  Li te gen pwezi sou manman sèlman ladann.  Li te rele “Choublak ak Amelya.”  Lè Emisyon Solèy te vini fèmen, Sosyete Koukouy la te antre anba pay.  Men li pa te mouri pou sa.  Se konsa, lè Jean Leopold Dominique nan travay pou li lanse operasyon “Ayisyanite”

li-a nan radyo li-a, te mande nou pou nou remonte teren-an, Jan Mapou avèk mwen te bay rekèy pwezi sa yo:

  1. Tim-Tim (fab Kreyòl, Banbou)
  2. Bajou Kase (pwèm, J. Mapou)
  3. Deviz (pwèm, P. Banbou)

Lèfini, nou te pibliye “Siwolin”, leson Kreyòl pou etranje ki pale Franse ak B.I.L.A.P.

Li-a nan radyo li-a, te mande nou pou nou remonte teren-an, Jan Mapou avèk mwen te bay rekèy pwezi sa yo: